jaygraphicsm2
Ayiti: Rezime Nouvèl ki te fè Aktyalite Jounen 8 Avril 2020
« AYITI / KORONAVIRIS » Asosyasyon Lopital Prive yo (AHPH) leta nan batay kont koronaviris la. Selon (AHPH) , gen yon komisyon ant yo menm ak Leta ki mete sou plas pou fasilie posibililite pou Lopital prive yo pran swen moun ki enfekte ak koronarivisris yo.
« AYITI / KORONAVIRIS » Asosyasyon Famasyen yo (APH) ofri a Leta Ayisyen 1000 galon solisyon idro alkolik pa jou. Yo ankouraje popilasyon an pou yo kontinye respekte konsiy otorite sanitè yo pou yo pwoteje tètyo kont koronaviris la.
« AYITI / KORONAVIRIS » Nan yon kominike ke Ministè Sante piblik sòti Jodi mèkredi 8 avril 2020 an, Ayiti gen pou kounyea 27 moun ki gen koronaviris ak yon moun ki mouri. Li kontinye ap raple popilasyon an pou yo kontinye respekte konsiy sanitè yo yon fason pou yok a kwape pwopagasyon viris la.
« AYITI / KORONAVIRIS » Confédération des Organisations Nationales (KOLON), rejwenn Platfòm Sosyo-Kiltirèl, ‘’Fanm rara yo’’ pou exprime dout yo genyen sou fason Leta ap jere Pandemi Koronaviris la. Yo di prevansyon tankou : Distans 1m50, Rediksyon kantite Pasajè nan Transpò Piblik, ak yon pakèt lòt ankò, daprè yo menm, Leta a déjà echwe. Yo mande pou otorite sanitè yo rejwenn Fòs òganize andedan katye Popilè yo, pou yo ka pi byen lite kont Pandemi a.
« AYITI / SEKIRITE » Pòt Pawòl IGPNH, Vital Jonet, nan yon konferans pou Laprès jodia, anonse Kreyasyon yon Tab Konsètasyon Sektoryèl andedan Polis nasyonal Dayiti (PNH) ki gen ladan Manb Sosyete Sivil ak manb PNH la. Striktiti sa gen pou Misyon, Travay pou kenbe amonizasyon ant Popilasyon an E Polis Nasyonal la, kap gen pou abòde kesyon Vyolasyon Dwa moun ak ensekirite nan Peyi a.
« AYITI / TRADISYON » Nan yon konferans pou Laprès, jodi mèkredi 8 avroil 2020 an, Responsab Rwayòm Vodou Ayisyen an, Augustin St-Clou, mande tout responsab “Rara ” pou yo kanpe sou defile Rara pou peryòd Paskal sa, nan objektif pou yo respekte lòd Otorite Leta pase pou rasanbleman foul moun kanpe jiska nouvèlòd Ak pou ede kwape pwopagasyon Koronaviris la.
SAL NOUVÈL
Blaise Charles
REDAKSYON
Dumas Wendy
REPÒTAJ
Stephenson
FRANÇOIS
Wilder
RESIGNAC
Edouard
JEAN BAPTISTE
Roulad
BIEN-AIME
