jaygraphicsm2
Rezime Nouvèl ki te fè Aktyalite JOUNEN 29 AVRIL 2020
« AYITI / KOUVREFE » Yon Jounalis Radio Télévision Caraïbes Georges Emmanuel Allen te reswa kèk pataswèl yèswa madi 28 avril 2020 an, nan men kèk Polisye ki tap fè kontwòl woutyè pou fè respekte kouvrefe ke gouvènman an etabli depi 20 mas 2020, pou kwape pwopagasyon koronaviris la.
Li te depase 8tè, Nan Delmas 33, lè Polisye yo te kanpe machin Jounalis la, epi bal yon kontravansyon pou non respè kouvrefe a, ke jounalis la pat dakò, answi echanj pawòl piman bouk te fèt antre yo ki tapral debouche sou yon gwo altè kasyon…
« AYITI / PRÈS » Secrétaire d’Etat à la Communication Eddy Jackson nan yon entèvansyon li fè sou Radio Caraïbes FM, jodi mèkredi 29 avril 2020 an, li kondane agresyon ke Jounalis Georges Allen, prezantatè ribrik “invité du midi” sou Télévision Caraïbes, viktim yèswa madi 28 avril 2020 an.
Sécretaire d’État à la communication, Eddy Jackson Alexis mande pou jounalis la Pote plent kont polisye sa yo ki te bastone li a…
« AYITI / SEKIRITE » Polisye Gad Kòt Ayisyèn arete yè madi 28 avril 2020 an, 8 endividi ki tap tante chape poul yo pou yo kite ‘’village de Dieu’’ pa bato, aprè itimitamtòm Minis jistis la te bay 72 zè pou moun kip a bandi kite vilaj la.
Mesye sa yo akize kòm kwa yo t’a fè poati de gang ame andedan vilaj la kap simen laterè nan 3zyèm sikonskripsyon Pòtoprens l’an nan rantre Sid Peyi Dayiti.
« AYITI / POLITIK » Kètlène Jean Louis enstale yè madi 28 avril 2020 an, nan tèt Direksyon Jeneral Ministè Ayisyen kap viv aletranje yo ( MHAVE) .
Nouvèl Direktris Jeneral (MHAVE) pran pòs sa nan yon kontèks kote anpil Aysyen ki nan peyi etranje vle rantre nan peyi yo, koz menas pandemi koronaviris la nan peyi kote y oye a….
SAL NOUVÈL
Blaise Charles
REDAKSYON
Dumas Wendy
REPÒTAJ
Stephenson
FRANÇOIS
Kenley
OCHASSON

Edouard
JEAN BAPTISTE
Roulad
BIEN-AIME
LouisMitchel
DENIS
Tchaïkòvskina
MERLUS
HCS-TV.- Une Énorme Mécanique au Service de l’Information