jaygraphicsm2
Rezime Nouvèl ki te fè Aktyalite Jounen 1ye me 2020
« AYITI / AFRONTMAN » Anviwon 6 prezime bandi ame ‘’Baz pilat’’ e ‘’ Grand-Ravine’’ mouri yè aprèmidi jedi 30 avril 2020 an, nan yon afrontman antre yo. 2 gwoup ame sa yo tap troke kòn yo nan 3zèm sikonskripsyon Pòtoprens, rantre Sid peyi Dayiti, presizeman nan 4yèm avni Bòlos ozanviwon 5è nan aprèmidi yo.
Selon enfòmasyon yo, chak kan yo t’a pèdi 3 moun. Epi jodi premye me 2020 an, nan maten bonè, Prezime bandi yo te bloke zòn 3zyèm e 4yèm avni Bòlos pou rive jiska matisan ak anilp kout zam otomatik ki tap chante, sa ki te paralize sikilasyon machin ak pyeton pandan yon bon bout tan nan jounen an.
« AYITI / AGRIKILTI » Prezidan Repiblik Dayiti a, Jovenel Moïse, felisite nan diskou ke li te bay nan okazyon fèt Agrikilti ak Travay jodi vandredi premye me 2020 an, tout travayè nan sektè agrikòl la, malgre kriz pandemi kovid-19 la.
Li raple yo key o déjà nan mwa me e sezon siklòn an ap kòmanse nan mwa jen, li soliye ke sektè agrikòl la se youn nan sektè ki toujou plis frape pa dega siklòn yo konn koze. Konsa, li asire yo, ke gouvènman an gentan pran tout mezi pou akonpate travayè nan sektè sa ak anpil mezi ke gouvènman man gen pran pou ede sektè a pandan kriz epidemi koronaviris la.
« AYITI / POLITIK » 22 888 fanmi sou 1 milyon 500 mil resevwa cash yo sou telefòn Digicel yo, ak sèvis ‘’Moncash’’, yè jedi 30 avril 2020 an, jan Administrasyon Moïse / Jouthe la te pwomèt yon sibvansyon 3 mil goud pou ede fanmi ki plis nan nesesite yo pandan peryòd kriz sanitè a.
.
« AYITI / SINISTRE » Yon kamyon ki tap pote gaz te exploze, yè aprèmidi, jedi 30 avril 2020 an zòn Ona-Ville, sou wout nasyonal # 3, nan komin Croix-des-Bouquets. Plizyè moun brile grav, e ladan yo, yon kameraman Radio television Caraibes…
SAL NOUVÈL
Blaise Charles
REDAKSYON
Dumas Wendy
REPÒTAJ
Stephenson
FRANÇOIS
Kenley
OCHASSON
Edouard
JEAN BAPTISTE
Roulad
BIEN-AIME
LouisMitchel
DENIS
Tchaïkòvskina
MERLUS
