jaygraphicsm2
REZIME NOUVÈL KI TE FÈ AKTYALITE JOUNEN MÈKREDI 2 SEPTANM 2020

« AYITI / FÒTIFIKASYON ALIMANTÈ »
Pou kontrekare konsekans grangou ke pandemi kowonaviris la koze nan Peyi Dayiti, USAID, Ministè Sante Piblik, Sektè Prive ak lòt Patnè apiye Pwojè sa ke USAID rele : RANFOSE, ki se yon Pwogram Nasyonal Fòtifikasyon Alimantè ki ap garanti Prodwi Alimantè yo nan domèn vitamin ki ap pèmèt goumen kont karans vitamin ki konn gen gro konsekans sou sante yo…
« AYITI / EKONOMI »
Konfòmeman ak arête kit e sòti 19 septanm 2018 la, nan kominike #3, Ministè Komès e Endistri (MCI) bay tout Pwopyetè ak Dirijan Antrepriz yo, 72 zè pou yo afiche tout pri pwodwi ak sèvis yo an Goud…
« AYITI / REALASYON ENTÈNASYONAL »
Prezidan Dominiken an, Luis Abinader avèti, yè madi 1ye septanm 2020 an, ke tout Ayisyen ki vle travay nan Repiblik Dominikèn dwe genyen yon pèmi Travay ki ap gen yon dire detèmine. Kou pèmi an ekspire, yap gen pou yo rantre lakay yo…
« AYITI / KANBRIYOLAJ »
Aprè ke yo te fin kanbriyole ka Batonye Lòd Bawo Pòtoprens lan, Monferrier Dorval ke yo te asasine, Enspeksyon Jeneral Polis Nasyonal Dayiti a (IGPNH) pat pran tan pou reyaji. Tout Polisye ki te la pou siviye kay la, nan izolman…
ANNOU KWAPE KOWONAVIRIS
Nap kenbe Distans
Nap mete Mas
Nap lave Men
SAL NOUVÈL
Blaise Charles
REDAKSYON
Dumas Wendy
REPÒTAJ
BIEN-AIME Roulad
COMPERE C. Morin
DENIS Louidji Mitchell
FRANÇOIS Stephenson
L’ACTU EN BRÈF
Une vraie Vision en Matière d’Information en Ligne