CalixteBoucher
REZIME NOUVÈL KI TE FÈ AKTYALITE jodi Lendi 30 Me 2022
- Ayiti: 110, 59 goud, to referans BRH pou 30 mai 2022 a
To referans Bank Repiblik Ayiti (BRH), pou vandredi 30 mai 2022 a, se te 110,59 goud pou 1 dola ameriken…
- Ayiti-Sante: Grèv san limit nan lopital Saint Michel nan Jakmèl pou aryere salè
Travayè sou kontra, ki gen ladan gad sekirite lopital Saint Michel de Jacmel, obsève, apati lendi 30 me 2022, yon arè travay san limit. Atravè mouvman sa a, manifestan yo mande pou peye 27 mwa aryere salè ak pi bon kondisyon travay…
- Atak ame nan Matisan: 3 blese konfime sendikalis Changeux Méhu
Twa pasaje soti blese ak bal pandan yon atak ame jodi lendi 30 me 2022 sa a nan Matisan, kont yon bis ki nan Compagnie Voix des Anges. Bis la fè trajè wout Pòtoprens / Cayes, daprè Sindikalist Changeux Méhu…
- Jérémie: yon jounen mouvmante
Vil Jérémie te viv yon jounen ajite jodi lendi 30 me 2022 a. Tire sou yon jèn ti gason nan yon bar nan nwit 29 pou rive 30 me se kòz sitiyasyon sa a, daprè enfòmasyon yo…
- Ayiti: Manifestasyon anplwaye Sèvis Nasyonal Jesyon Dechè Solid
Anplwaye sèvis nasyonal jesyon fatra solid te òganize lendi sa a yon mouvman pwotestasyon nan enstitisyon an. Yo ap mande yon ajisteman salè ak benefis yo…
Ayiti: 4 sispèk bandi touye ak yon fizi 12 sezi nan Duval
Lapolis Nasyonal Ayiti fè konnen 4 sispèk bandi mouri samdi nan echanj kout zam ak lapolis nan vil Duval nan komin Croix-des-Bouquets. Yon fizi 12 te konfiske pa lapolis, dapr`e yon nòt PNH la te sòti yè dimanch lan...
Ayiti: Aksidan trafik touye 11 moun ak 113 blese nan yon semèn
31 aksidan trafik ki te fèt sòti 23 pou rive 29 me 2022 a, te lakòz 124 viktim, pami yo 11 mouri ak 113 blese, daprè òganizasyon Stop Accidents an...
Depatman Sant: Twa moun arete, yon lòt touye pa lapolis
Arete samdi 28 me 2022, twa moun nan lokalite "Gwayavye", komin Saut-d'Eau, nan depatman Sant. Ofisye lapolis yo te arete moun sa yo pou atak ki te swiv pa blesi kòporèl kont yon jij...
Annou Kwape Pwopagasyon Kowonaviris
Nap kontinye respekte depa distans sosyal la
Nap kontinye pote mask nan lye piblik yo
Nap kontinye respekte rèk ijèn yo
SAL NOUVÈL
BLAISE Charles
REDAKSYON
BOUCHER Calixte
REPÒTAJ
Chasseurs en Action
L’ACTU EN BRÈF
Une vraie Vision en Matière d’Information en Ligne
