CalixteBoucher
REZIME NOUVÈL KI TE FÈ AKTYALITE Jounen Lendi 19 Jiyè 2021
Ayiti / Politik: Premye Minis Ariel Henry finalman pran biwo
Premye Minis Claude Joseph pral remèt mayèt la bay Doktè Ariel Henry. Yon konsèy minis te pwograme pou jodi lendi an nan apremidi pou finalize pwosesis la…
Ayiti: Garry Bodeau swete ranvwa antèman Jovenel Moïse
Ansyen depite Delmas Garry Bodeau vle fineray Jovenel Moïse ranvwaye jiskaske ankèt sou asasina 7 jiyè k ap fèt la fini…
Ayiti / Sekirite Woutyè: 6 moun mouri ak 65 blese nan yon semèn sou gran wout piblik la
Oganizasyon Stop Aksidan rapòte ke, sòti 12 pou rive 18 jiyè 2021, li idantifye 6 lanmò ak 65 blesi nan 22 aksidan wout...
Premye Minis nonmen fè yon apèl pou inite pou sove bark nasyonal la
Nan premye apèl li te fè a nasyon an, 2 jou avan asasina prezidan Jovenel Moise, Premye Minis Ariel Henry te mande inite ak lòd pou sove bato nasyonal la. Li pwomèt yon gouvènman konsansis pou travay e siyen yon akò politik ak aktè yo…
Ayiti-Ensekirite: Yo Kidnape yon elèv finisa nan fakilte Medsin aprè yo te fin bat li
Etidyan medikal gradye, Ludjane Jean Gilles, te sibi move tretman anba men endividi ki te san kagoul ki te rantre lakay li nan aswè samdi 17 pou rive dimanch 18 jiyè 2021, nan Bon Repos. Aprè endividi ame sa yo ta finn bat li ak manmanl, yo ale avèl e jiskaprezan ravisè y opa fè oken siy vi…
ANNOU KWAPE KOWONAVIRIS
Nap kenbe Distans
Nap mete Mas
Nap lave Men
REDAKSYON
Equipe Salle des Nouvelles
REPÒTAJ
Chasseurs en Action
L’ACTU EN BRÈF
Une vraie Vision en Matière d’Information en Ligne
