CalixteBoucher
Rezime nouvèl ki te fè aktyalite Jounen lendi 1ye mas 2021
Ayiti-sekirite: egzekitif la anonse nouvo mezi pou konbat kidnaping
Prezidan Repiblik la, Jovenel Moïse, te patisipe, jodi lendi 1ye mas 2021an, nan lokal Ministè Jistis ak Sekirite Piblik (MJSP), nan yon reyinyon espesyal Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la (CSPN). Nan fen reyinyon sa a, chèf deta a devwale nouvo dispozisyon ki vize pou konbat fenomèn kidnaping nan peyi a. Li pral tout kòmanse ak kreyasyon yon nouvo selil "anti-kidnaping"….
Ayiti-Jistis: Kontinyasyon grèv majistra yo pou mande respè pou Konstitisyon an
Asosyasyon majistra yo ap kontinye grèv la ki te kòmanse lendi 15 fevriye 2021 an, nan tout 18 jiridiksyon peyi a. Objektif arè travay sa a se pou mande respè pou Konstitisyon ayisyen an. Pwolonjman sa a, se akòz refi egzekitif la refize satisfèdemand yo, daprè majistra grevis yo…
Kafou / Politik: Nouvo Pati pou Renesans Ayiti (NOUPAREH) eli komite li nan 10èm seksyon kominal
Estrikti politik ki rele "Nouvo Pati pou Renesans Ayiti (NOUPAREH) eli komite li yè dimanch ki te 28 fevriye 2021 an, nan 10èm seksyon kominal Kafou. Li konpoze de notab nan zòn nan, pami lòt moun, legliz Pwotestan, Katolik ak Vodou ansanm ak jèn akademik, pwofesyonèl ak aktivis politik…
Ayiti-Kidnapin: Wout Nasyonal nimewo 2 bloke pou mande liberasyon yon bizismann
Jean Marc Condestin se non yon mèt estasyon gaz ki te kidnape nan Dimanch 28 fevriye 2021, nan Mariani, pa moun ki te nan yon machin Toyota ak yon plak sèvis leta (SE). NPopilasyon ki nanzòn sa te bloke wout nasyonal 2 a nan wotè Mariani pou mande liberasyon li...
Ayiti-Sikilasyon: 6 moun mouri ak 79 blese nan 26 aksidan soti 22 pou rive 28 fevriye 2021
Selon òganizasyon an Stop Aksidan, 6 lanmò ak 79 blesi yo te anrejistre nan 26 ka aksidan trafik soti 22 pou rive 28 fevriye 2021 an...
Ayiti: 75.20 goud, to referans BRH la pou 1ye mas sa a
Pousantaj referans Bank Repiblik Dayiti (BRH), pou lendi 1ye mas 2021 an, se 75,20 goud pou yon dola ameriken…
ANNOU KWAPE KOWONAVIRIS
Nap kenbe Distans
Nap mete Mas
Nap lave Men
REDAKSYON
CalixteBoucher
REPÒTAJ
Chasseurs en Action
L’ACTU EN BRÈF
Une vraie Vision en Matière d’Information en Ligne
