CalixteBoucher
REZIME NOUVÈL KI TE FÈ AKTYALITE Jounen Lendi 28 Fevriye 2022
- Ayiti-Trafik: 29 moun mouri ak 108 blese nan aksidan sòti 21 pou rive 27 fevriye 2022
Daprè dènye rapò ki te pibliye jodi lendi an pa Òganizasyon ‘’Stop Accidents’’, 137 viktim ki gen ladan 29 moun ki mouri ak 108 blese te anrejistre nan aksidan trafik nan yon semèn...
- Ayiti/Kilti/Ekonomi: Lotri Leta Ayisyen itilize kanaval la kòm yon chanèl sansibilizasyon.
Sou enstriksyon nouvo direktè jeneral Juc Ouanche a, depatman lavant ak maketing LEH (Lotri Leta Ayisyen) asire yon prezans aktif enstitisyon an pandan fèt kanaval yo nan Pòtoprens, yè dimanch 27 fevriye a. Kesyon pou sansibilize lokatè yo ak pwopriyetè jwèt chans yo, sou nesesite pou yo egzeyate redevans yo nan direksyon enstitisyon an... - Ayiti- Kidnapin: Administratè Radyo Televizyon Carayi la kidnape nan Pòtoprens
Moun ki te ame abò yon Machin te rive kidnape administratè Radyo Televizyon Carayib la, Marc Théagène, jodi lendi vè 10 zè nan maten. Kidnaping la fèt nan kwen lari Marcelin ak Waag, nan Pòtoprens, daprè enfòmasyon yo…
Annou Kwape Pwopagasyon Kowonaviris
Nap kontinye respekte depa distans sosyal la
Nap kontinye pote mask nan lye piblik yo
Nap kontinye respekte rèk ijèn yo
SAL NOUVÈL
BLAISE Charles
REDAKSYON
BOUCHER Calixte
REPÒTAJ
Chasseurs en Action
L’ACTU EN BRÈF
Une vraie Vision en Matière d’Information en Ligne
