CalixteBoucher
REZIME NOUVÈL KI TE FÈ AKTYALITE Jounen Lendi 29 Avril 2022
- Ayiti: 106, 49 goud, to referans BRH pou 29 avril
To referans Bank Repiblik Ayiti (BRH), pou vandredi 29 avril 2022 a, se 106,49 goud pou 1 dola ameriken…
- Croix-des-Bouquets: Eklatman ant lapolis ak gwoup ame, 3 ofisye blese
Pòtpawòl Polis Nasyonal Ayiti a, Gary Desrosiers fè konnen gen twa polisye ki blese nan eklatman ak gwoup ame nan Croix-des-Bouquets.
Operasyon PNH la fè nan komin sa a gen pou objektif pou chèche jwenn gwoup ame k ap chèche pwolonje teritwa yo nan nivo Plaine du Cul-de-sac la…
- Ayiti-Ensekirite: Yon prèt katolik kidnape nan Croix-des-Bouquets
Moun ki ame yo te kidnape Pè Whatner Aupont yè jedi 28 avril 2022 a. Kidnaping la te fèt toupre vil Croix-des-Bouquets ki ta pral libere jodi vandredi 29 avril 2022 sa…
- Ayiti: Jackson Hilaire, nouvo chèf pèsonèl direktè jeneral lapolis la
Enspektè Jeneral Jackson Hilaire se nouvo Chèf Estaf Direktè Jeneral Enterimè Polis Nasyonal Ayiti a, Frantz Elbé. Li ranplase enspektè jeneral Jean Gardy Muscadin nan pozisyon sa a, daprè sa PNH la fè konnen nan yon nòt...
- Ayiti: gwo tansyon nan Jérémie
Vil Jérémie te anba tansyon vandredi 29 avril sa a. Sitwayen yo ap mande rekonstriksyon pon Estimé a ak gaz. Tout aktivite yo te paralize nan vil la maten an…
- Ayiti: Solisyon pwoblèm ensekirite a pase nan kontwòl ladwann, daprè mouvman "Toutouni".
Mouvman Nasyonal pou Transparans ke yo rekonèt sou non "Toutouni" atire atansyon sosyete a sou nesesite pou egzèse pi bon kontwòl ladwàn. Nan yon memo ki date yè 28 avril la, li di li kwè ke pi bon ranfòsman ladwàn yo pral ede fèmen sikilasyon zam yo...
- Koperasyon: Kanada pral finanse 4 nouvo pwojè ann Ayiti
Anbasad Kanadyen an Ayiti fè konnen li pral finanse 4 nouvo pwojè ann Ayiti. Yon anvlòp 20.4 milyon dola ameriken pral mobilize pou sa…
- Ayiti: Reyinyon ant Konsèy Siperyè Lajistis la ak asosyasyon majistra yo
Enkyete pa malfonksyònman lajistis nan sèten jiridiksyon nan peyi a, CSPJ te rankontre, nan yon seyans lwa yè jedi 21 avril la, responsab asosyasyon majistra yo...
- Ayiti: 72,500 barik gazolin rive Pòtoprens
Biwo Monetizasyon Pwogram Asistans Devlopman konfime yon chajman 72,500 barik gazolin ap rive nan apremidi a nan Pòtoprens. Yon lòt kago 127,000 barik gazolin ak 133,000 barik dyezèl pral rive demen samdi a…
- Lagè Ayiti-Gang: Òganizasyon Medsen San Fwontyè eksprime enkyetid li
Medesen Sans Frontières di li enkyè akoz zak vyolans yo ap monte nan peyi a. Nan Tabare, lopital li a prèske plen, aprè dènye zak vyolans yo nan Plaine du Cul de Sac…
Annou Kwape Pwopagasyon Kowonaviris
Nap kontinye respekte depa distans sosyal la
Nap kontinye pote mask nan lye piblik yo
Nap kontinye respekte rèk ijèn yo
SAL NOUVÈL
BLAISE Charles
REDAKSYON
BOUCHER Calixte
REPÒTAJ
Chasseurs en Action
L’ACTU EN BRÈF
Une vraie Vision en Matière d’Information en Ligne
