CalixteBoucher
REZIME NOUVÈL KI TE FÈ AKTYALITE Jounen Mèkredi 7 Jiyè 2021
AYITI / ASASINA PREZIDAN AYISYEN AN JOVENEL MOÏSE
- Prezidan Repiblik Ayiti a Jovenel Moïse mouri nan yon atak ame nan rezidans prive li nan Pèlerin nan nwit 6 pou rive 7 jiyè 2021…
- Fanmi ak pwòch Ansyen Prezidan an, Michel Martelly, ansyen Premye Minis Laurent Lamothe ak pati PLANSPA a kondane asasina Prezidan Jovenel Moise epi mande yon envestigasyon entènasyonal pou idantifye otè krim yo…
- Repiblik Dominikèn fèmen fwontyè li ak Ayiti jodi mèkredi sa, aprè asasina prezidan peyi a, Jovenel Moïse…
- Otorite Kanadyen ak Ameriken yo enfòme ke anbasad yo an Ayiti fèmen pou piblik la an jeneral jodi mèkredi 7 jiyè 2021 sa a. Desizyon sa yo swiv asasinay Prezidan Repiblik la Jovenel Moïse nan nwit madi 6 pou rive mèkredi 7 jiyè 2021 an. Sitwayen ameriken yo avize pa frekante zòn Tabarre la…
- Gouvènman an kap dirije pa Premye Minis Claude Joseph anonse 15 jou dèy nasyonal nan omaj a Prezidan Jovenel Moïse key o asasinen nan rezidans prive li nan Pèlerin, komin Pétion-Ville. Desizyon sa a pran aprèyon Konsèy Minis ak yon dekrè ki fenk pibliye nan jounal ofisyèl Le Moniteur…
- Premye dam nan, Martine Moïse, blese nan atak ki te pran lavi Prezidan Jovenel Moïse a, li pa mouri. Sa a, se sa Premye Minis a.i Claude Joseph te di yon ti tan anvan 10 a.m, jodi mèkredi...
ANNOU KWAPE KOWONAVIRIS
Nap kenbe Distans
Nap mete Mas
Nap lave Men
REDAKSYON
Equipe Salle des Nouvelles
REPÒTAJ
Chasseurs en Action
L’ACTU EN BRÈF
Une vraie Vision en Matière d’Information en Ligne
