CalixteBoucher
REZIME NOUVÈL KI TE FÈ AKTYALITE Jounen Madi 13 avril 2021
Ayiti-Jistis: Durin Duret Junior eli kòm reprezantan nan Tribinal Dapèl nan CSPJ la
Avèk 42 vòt kont 4 pou rival li, Jij Durin Duret Junior eli, daprè rezilta pasyèl yo, kòm reprezantan nan Tribinal Dapèl nan Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ). Li pwomèt pou l travay pou respè dwa Majistra yo nan sistèm jidisyè a…
Ayiti- Nouvo konstitisyon: BINUH eksprime rezèvasyon li sou pwosesis la
Biwo entegre Nasyonzini an Ayiti di li fè remake ke pwosesis kap mennen nan nouvo konstitisyon an pa ase enklizif ak patisipatif. Sepandan, li anonse jodi madi 13 avril 2021 an, ke li pral kontinye swiv pwosesis la...
Ayiti: 108 nouvo ka Covid-19 nan 13 jou
108 nouvo kontaminasyon Covid-19 nan lis Peyi Dayiti sòti 19 pou rive 31 mas, 2021, daprè enfòmasyon Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an. Bilan total la pou kounyea se 12,840 ka konfime, 1,857 entène lopital, 251 moun ki mouri ak 11,447 moun trete…
Ayiti: Pwotestasyon
Jodia ankò, Liseyen an to te foule lari a, yo te kèlke dizèn, tap kontinye reklame prezans Pwofesè nan sal klas yo, epi sekirite pou lè yo prale lekòl ak lè yap retounen lakay yo…
Ayiti: 81.32 goud, pousantaj referans BRH la pou 13 avril sa a
Pousantaj referans Bank Repiblik Dayiti (BRH), pou madi 13 avril 2021 an, se 81,32 goud pou chak dola ameriken…
ANNOU KWAPE KOWONAVIRIS
Nap kenbe Distans
Nap mete Mas
Nap lave Men
REDAKSYON
Equipe Salle des Nouvelles
REPÒTAJ
Chasseurs en Action
L’ACTU EN BRÈF
Une vraie Vision en Matière d’Information en Ligne
