Calixte BOUCHER
REZIME NOUVÈL KI TE FÈ AKTYALITE Jounen Madi 12 oktòb 2021
Ayiti / Ensekirite :
- Atak sou yon bis, omwen kat moun blese nan Martissant
Yon otobis ki fè trajè wout Kafou / Ray-Pòtoprens te atake yè lendi aprè midi pa moun ame nan Matisan. Omwen 4 moun ki gen ladan chofè a te blese nan atak la…
- Echanj kout zam ant lapolis e Bandi nan Pernier
Omwen 4 bandi tonbe anba bal Lapolis nan zòn Pernier pandan yo tap kase yon antrepriz. Nan kad operasyon sa, Lapolis Nasyonal rive sezi plizyè zam…
Ayiti / Edikasyon: Inivèsite Leta mete kou pou fòmasyon premye swen
Ayiti Inivèsite Leta ak Sant Nasyonal Anbilans lan (KA) inisyalize yè lendi 11 oktòb 2021 an, yon memorandòm konpreyansyon ki gen rapò ak fòmasyon ak divilgasyon konsèp nan premye swen. Apwòch sa a konsiste nan bay peyi a ak pwofesyonèl ki kapab vole an èd ak popilasyon an nan evènman pa egzanp dezas natirèl…
Ayiti / Ensekirite: Dyalòg ant gwoup ekspè ameriken e Direktè Polis Nasyonal la
Yè lendi 11 oktòb la, Direktè Jeneral Polis Nasyonal Dayiti a, ak wo eta majò yo te rankontre gwoup ekspè ameriken pout e diskite sou fason pou yo ranfòse inite espesyalize yo nan domèn teknik pou pi byen prepare pouf è entèvansyon nan operasyon kont gang ame yo…
Ayiti / Kidnapin: Pastè Eliodor Devariste lage pou ranson
Ravisè yo libere pastè Legliz Metodis Lib, Eliodor Devariste, yè swa lendi 11 oktòb 2021 an aprè yo te finn resevwa lajan yo te mande a. Yo te kidnape lidè relijye a, jou ki te samdi 9 oktòb la, lakay li nan plenn Cul-de-Sac...
Ayiti-Kidnapin: Pastè Eliodor Devariste lage pou ranson
Ravisè yo libere pastè Legliz Metodis Lib, Eliodor Devari
Etazini: Texas defye Biden, kontredi lòd li nan vaksinen anplwaye Ameriken yo
Repibliken Gouvènè Texas, Greg Abbott, yè lendi an te siyen yon lòd egzekitif ki deklare ke pa gen okenn konpayi nan eta li ka mande pou anplwaye li yo pran vaksen kont Covid-19, ki poze yon defi pou US Prezidan Joe Biden...
Syantis yo jwenn antikò efikas kont tout varyant covid-19 la
Syantis ki sòti nan Lopital Inivèsite nan Lausanne ak Swis Enstiti Federal e Teknoloji (EPFL) te anonse jodi madi sa dekouvèt la nan yon antikò monoklonal ki kapab netralize tout varyant nan covid-19, ki gen ladan delta…
Ayiti: 98,70 goud, pousantaj referans BRH pou 12 oktòb sa
Pousantaj referans Bank Repiblik dAyiti (BRH), pou madi 12 oktòb 2021, se te 98,70 goud pou chak dola ameriken…
ANNOU KWAPE KOWONAVIRIS
Nap kenbe Distans
Nap mete Mas
Nap lave Men
REDAKSYON
Equipe Salle des Nouvelles
REPÒTAJ
Chasseurs en Action
L’ACTU EN BRÈF
Une vraie Vision en Matière d’Information en Ligne
