CalixteBoucher
REZIME NOUVÈL KI TE FÈ AKTYALITE Jounen samdi 16 oktòb 2021
Ayiti / Aktyalité:
- Sekirite : Arestasyon sis moun ki akize de manm gang yo
Ofisye Polis Nasyonal Dayiti te arete sis (6) moun nan Croix-des-Bouquets yè vandredi 15 oktòb la. Yo akize yo kò moun ki ta fè pati ke yo rekonètsou non "400 Mawozo" ki abitye opere nan plizyè komin...
- Kidnapin: Anplwaye Imigrasyon ak Emigrasyon Johnson Joseph lage pou ranson
Kidnape nan Croix-des-Bouquets pa gang 400 mawozo jou ki te madi 12 oktòb 2021 an, Johnson Joseph, yon anplwaye imigrasyon ak emigrasyon, te libere pou ranson yè vandredi 15 oktòb 2021 an, selon enfòmasyon ki disponib...
- Rate gaz: Minis Komès la pwomèt ya ranje sitiyasyon an
Gouvènman ayisyen an pa rete ensansib a kriz gaz ki sou mache lokal la, daprè Minis Komès ak Endistri a. Otorite yo ap travay san pran souf pou yo jwenn yon solisyon ak sitiyasyon sa a, daprè Ricardin Saint Jean…
- Repiblik Dominikèn: Ayisyen achte biznis, lwe kay
Se pa sèlman eleman klas mwayèn ki kite Ayiti pou Repiblik Dominikèn. Chak jou kap pase gen plis moun rich ki kite ayiti pou ale nan Repiblik Dominikèn tou. Yo lwe kay, achte biznis nan zòn ibèn yo, daprè sa Listin Diario rapò nan yon jounal dominiken an...
- Federasyon Ayisyèn pou ti ak mwayen antrepriz sipòte grèv la nan sektè transpò piblik la
Federasyon Ayisyèn pou ti ak mwayen antrepwiz bay tout sipò li pou grèv nan sektè transpò piblik la ki anonse pou lendi 18 oktòb 2021 an. Sipò FHAPME pou mouvman sa a temwaye dezi li genyen pou l denonse klima k ap anraje nan rejyon an, zòn metwopoliten Pòtoprens, daprè say o sòti nan yon nòt pou laprès…
- Ekonomi : 98,37 goud, pousantaj referans BRH pou 16 oktòb sa a
Pousantaj referans Bank Repiblik dAyiti (BRH), pou samdi 16 oktòb 2021, se te 98,37 goud pou chak dola ameriken…
ANNOU KWAPE KOWONAVIRIS
Nap kenbe Distans
Nap mete Mas
Nap lave Men
REDAKSYON
Equipe Salle des Nouvelles
REPÒTAJ
Chasseurs en Action
L’ACTU EN BRÈF
Une vraie Vision en Matière d’Information en Ligne
