CalixteBoucher
REZIME NOUVÈL KI TE FÈ AKTYALITE Jounen Samdi 19 Fevriye 2022
- Ayiti / Sekirite: "Endividi ame Village de Dieu yo gen drón pou kontwole zòn Matisan"
Moun ame ki kontwole twazyèm distri Pòtoprens, antre sid kapital la, kontinye ap defye otorite lapolis yo. Daprè enfòmasyon nou yo, endividi ame sa yo gen drón pou kontwole zòn nan…
- Ayiti: Konsèy Siperyè Salè a pwopoze yon salè minimòm mwens pase 1500 goud
Nan rapò li voye bay pouvwa egzekitif la pandan semèn sa a, Konsèy Siperyè Salè (CSS) a pwopoze yon salè 625 goud chak jou, yon ajisteman 125 goud pou travayè nan sektè twal la. Sendikalis Dominique St-Eloi denonse sektè patwon an nan demach sa a...
- Ekonomi: Salè minimòm, sendikal ayisyen yo rejte pwopozisyon CSS la ak pwopozisyon gouvènman an.
Dosye ajisteman salè minimòm lan ap kontinye lakòz toumant. Konsèy Siperyè Salè a pwopoze 625 goud ke gouvènman an ta renmen ogmante a 700 goud pa jou. Yon rankont t e fèt Vandredi ant Premye Minis la ak sendikalis ki te rejte nouvo pwopozisyon sa a…
- Ayiti / Kidnaping: Arestasyon 2 moun, youn nan yo ta yon anplwaye Brigad Sekirite Zòn Pwoteje yo.
Yon operasyon lapolis te fèt nan Kenscoff ak Thomassin vandredi 18 fevriye a, ki te lakòz arestasyon Ronald Horgan ak Altema Ornest. Yo arete yo pou swadizan patisipasyon yo nan kidnapin plizyè moun pami yo yon sitwayen Kanadyen, daprè enfòmasyon polis nasyonal la bay nan yon nòt...
- Ayiti: Mike Bellot kreye yon Cert-Volant ki mache ak solè pou konekte rezo telecom
Antreprenè Mike Bellot aprè Solo Bag, kreye yon Solaire Cert-Volant. Sa a se yon solisyon inovatè. "Li se yon aparèy solè limyè ak entèlijan, nan gwo altitid ki pral sèvi kòm yon antèn relè nan zòn ki lwen prive de enfrastrikti telekominikasyon konvansyonèl yo…
Annou Kwape Pwopagasyon Kowonaviris
Nap kontinye respekte depa distans sosyal la
Nap kontinye pote mask nan lye piblik yo
Nap kontinye respekte rèk ijèn yo
SAL NOUVÈL
BLAISE Charles
REDAKSYON
BOUCHER Calixte
REPÒTAJ
Chasseurs en Action
L’ACTU EN BRÈF
Une vraie Vision en Matière d’Information en Ligne
