CalixteBoucher
Rezime Nouvèl ki te fè Aktyalite Madi 9 mas 2021
Ayiti: Yon atak ame sou lokal Electricité d´Ayiti touye you moun ak youn ki blese
Mesye ame kap opere nan katye Village de Dieu yo, jodi madi 9 mas 2021 an, atake lokal Elektrisite Ayiti (EDH), ki chita nan ri Joseph Janvier (Pòtoprens). Bilan: yon sèl mouri ak yon sèl blese, daprè yon sous jeneralman byen enfòme…
Ayiti: Komisyonè Ludwige Bertrand ranplase Charles Nazaire nan Direksyon Administrasyon Penitansye a
Charles Nazaire Noël pèdi pòs li nan Direksyon Administrasyon Prizon (DAP). Daprè yon sous serye, Nazaire ranplase pa komisyonè divizyon an Ludwige Bertrand, li rantre an fonksyon, jodi madi 9 mas 2021 an...
Ayiti: 75,74 goud, pousantaj referans BRH pou madi 9 mas sa a
To referans Bank Repiblik Dayiti (BRH), pou madi 9 Mas 2021 an, se 75,74 goud pou chak dola ameriken…
Òf staj entegrasyon: HCS-TV ap ofri yon staj entegrasyon
Haiti Chasseurs de Scoop, agence de Presse en ligne et Télévision.-HCS-TV, fè tout moun ki gen stifika nan pwofesyon jounalis, ke li ofri yon staj entegrasyon nan domè Repòtè kap dire 3 mwa.
Moun ki enterese, ka pase nan ajans lan ki nan #157, ave. Monseigneur Guilloux et Rue St. Alexendre, nan youn nan jou sa yo : lendi, mèkredi, vandredi ant 10zè nan maten pou rive 1è nan aprèmidi.
Wap bezwen :
- Sètifika kew genyen an jounalism
- Yon lèt ke w di ou vle fè yon staj
- Yon CV ak yon bout foto
ANNOU KWAPE KOWONAVIRIS
Nap kenbe Distans
Nap mete Mas
Nap lave Men
REDAKSYON
CalixteBoucher
REPÒTAJ
Chasseurs en Action
L’ACTU EN BRÈF
Une vraie Vision en Matière d’Information en Ligne
